Ayiti-Komemorasyon: Nan okazyon 233èm ane seremoni mistik bwa Kay Iman
Ayibobo! Ayibobo! Ayibobo! Ayibobo
Nap salouwe tout Houngan, Manbo, Hounsi Kanzo Ladogwesan, Makousi, Laplas, Pòt Drapo, tout Lakou, bitasyon, Demanbre ak Hounfò yo, ki nan 10 depateman peyi a, 144 Komin yo, 576 seksyon kominal yo, ki nan tout lokalite yo, nan tout abitasyon yo ak nan dyaspora.
Menm jan Zansèt nou yo nan tèt Kole nan lannwit 13 pou rive 14 dawout 1791 lan, nan seremoni mistik bwa Kay Iman nan te jwenn sekrè pou yo te libere peyi a,
Mwen menm ADELY Schnaïda ki di Satela Bon Manbo, pitit gad Simbi Makaya, pitit anjandre ADELY Adnord Grenn ya bezwen Bon Houngan, Anperè Sosyete Bizango Grandra;
Nan non Gad Simbi Makaya,
Nan non tout Sosyete sekrèt yo,
M ap mande pou jounen demen 14 dawout la, pou nou tout vodouvi, tout bèt seren sonnen Ason nou, souke kwakwa yo, limen balèn, bouji nou, jete dlo, vibre Lakou yo, Hounfò yo, Demanbre yo, rele Lwa yo, Mò yo, chofe Gad yo, pale avèk Zansèt nou yo pou vin ban nou sekrè ki pi kache yo pou nou menm Vodouvi bay peyi a yon souf nan maswife lap monte pa do jounen jodia, jan sa te fèt deja pou pita pa pi tris.
Bilolo! Bilolo! Bilolo!
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel