Sa kap pase Kenskoff la grav anpil, PNPDH mande pou gen bon jan mezi ki pran pou anpeche gang yo vanse sou depatman Sidès la .
Selon Plateforme Nationale Pour le Progrès des Droits Humains ( PNPDH) , sa kap pase nan komin Kenskòf la grav anpil kote gang yo anvayi komin silaa e fòs lòd yo poko ka rive deloje yo .
Gwoup gang Chen wouj ap feraye nan zòn nan Pyewo, Barè , Nouvèl Tourèn, bandi pran zòn saa yo an notaj kote yo deja rekrite 67 jèn ti gason, pitit peyizan antre nan bandi , se yon bagay ki vrèman grav dapre direktè egzekitif PNPDH la Jackson Pierre Noel, bandi yo anonse yo pral mete yon pòs peyaj anba mòn K-Jak ak nan tèt Ti Miska pou kontwole sikilasyon ak trafik kap fèt nan wout ki pase Kenskoff ki mennen nan Sidès la .
Nan sans saa PNPDH mande otorite nan PNH la pou pran desizyon ranfòse komisarya ak sou komisarya yo nan depatman Sidès la ak materyèl e ekipman , yon fason pou kontrekare aksyon gang yo . Selon PNPDH, yo konstate bandi yo antann yo poutan gen divizyon nan lapolis la , bandi ap kontinye pran teritwa poutan gen yon fòs etranje ki te vini pou ede .
Defansè dwa moun an Jackson Pierre Noel ki te pale ak laprès mèkredi 19 fevriye 2025 la mande gouvènman ak CPT a mennen bon jan aksyon pou soulaje popilasyon an
Le tout au pluriel magazine Nou Se zye Ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel