Ayiti: nou fenk kòmanse nan boulvès Kelkeswa jan sa pase, 13 desanm 2026, nap rantre nan tonbo.

Ayiti: nou fenk kòmanse nan boulvès
Kelkeswa jan sa pase, 13 desanm 2026,
nap rantre nan tonbo.

Lajistis pa menm kapab bay tèt li jistis. Konsa, debandad la pa genyen okenn limit ankò. Minis jistis, mèt enjistis la, dezapwouve tèt li ak nòt li siyen nan dat 20 septanm 2026 la, kote li tante esplike livrezon Kolonbyen yo ansanm ak mouche Jean Félix Badio bay gran oryan Meriken yo pou yo kapab jije yo pou magnicide 6-7 jiyè 2021 an. Mouche Pélissier krache nan figi l pou kont li. Se pa anyen paske sa ap fè l rete chèf, kontinye jwi privilèj ak kontinye dechèpiye. Onè pa gen okenn sans, okenn fondman pou moun k ap dirije Ayiti, e sa depi kèk lane deja. Men genyen nan otorite yo, tankou Pélissier ak tout rès konpayèl li yo, ki montre nou tout bon yo se “invertébrés”, san zo, san kolòn.

Tout bandi nèt, tout dilè nèt, tout dechèpiyè nèt, tout vyolè nèt genyen kat blanch pou enskri kòm kandida. Y ap tounen nan parman, y ap tounen prezidan, y ap tounen majistra, y ap tounen KASEK, avèk lajan sal plis zam ki anba ponyèt yo la. Eleksyon 13 desanm 2026 sa yo, ki dapre gouvènman fantom nan ak KEP restavèk la—yo tout konnen ki pa posib vre—pral vin konsakre yon gwoup mafya, yon gwoup kriminèl, yon gwoup eskwo, epi chante lantèman nasyon sa a ki rele Ayiti a.

Ekri pa:
Marcel Poinsard Mondésir
21/09/2026
Le tout au pluriel magazine — Nou se Zye ak Zòrèy ou.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39