Ayiti-Polis/Jérémie Polisye Grandans yo konteste otorite DDGA/PNH la.

Ayiti-Polis/Jérémie
Polisye Grandans yo konteste otorite DDGA/PNH la.

Enplisitman, polisye Grandans yo konteste otorite komisè divizyonè Frantz St Armand, direktè depatmantal polis la, lè yo deside pa ekzekite manda lajistis nan jeremi.

Kouman pou w ap dirije yon enstisyon, kote tout polisye ta dwe plase anba lòd ou, epi w ap asiste kijan y ap rebele kont lajistis poutèt Komisè Gouvènman an deside arete yon seri polisye Ki anndan yon rezo ki espyalize yo nan vòlè tè malere-èz ak dyaspora yo.

Frantz St Armand pa menm an mezi pran okenn desizyon administratif kont seri polisye ki -non sèlman nan vòlè tè- men tou ki di yo p ap sèvi kòm oksilyè Lajistis.

Poutan, atik 46.7 lwa ki kreye lapolis la di klèman: «Direktè depatmantal la gen kòm atribisyon veye sou disiplin kad yo ak lòt ajan polis yo nan ekzèsis fonksyon yo kòm oksilyè enstans administratif ak jidisyè yo.»

Mete sou sa, atik 4, 21 ak 39 nan lwa 29 nov 1994 sou òganizasyon ak fonksyònman lapolis ekri nwa sou blan: «lapolis se oksilyè Lajistis; polis la son polis sivil li ye.»

Kesyon: kote otorite Direktè St Armand pase menm? Poukisa konpòtman pouyanis sa?

Lapolis nan jeremi mete pye sou kou lajistis

Li pa yon sekrè pou pèsòn depi kèk tan nan Grandans se lapolis k ap fè lalwa. Komisarya
yo -sitou komisarya Jeremi an- tounen tribinal.

Nòmalman lè lapolis arete li arete pou lajistis. Men kounye a se lapolis ki deside kiyès l ap voye devan pakè ak kiyès l ap libere ak gwo ponyèt depi nan komisarya; kiyès moun l ap ekzekite manda kont yo ak kiyès ki entouchab.
N ap sonje kijan lapolis libere nan komisarya Jeremi an yon anplwaye sivil ki t ap fè yon jèn demwazèl chantaj ak yon videyo.

Ekzanp pami kèk ka: polisye Ronald St Victor ki gen manda dèyèl depi 10 jiyè pou enplikasyon l nan yon rezo k ap vòlè tè malere-èz nan chato, komisarya Jeremi an pa janm arete l; polisyè Shedline Hyppolite ki patisipe nan zak kriminèl boule byen moun nan merode.

Èske n kapab konstui yon « Etat de droit » ak yon modèl polis konsa; ki kwè l sou tèt lalwa.

Chat ki pran nan dlo cho lè l wè dlo frèt li kouri

Direktè St Armand sanble pè pou sa k te rive Edner Yacinth, direktè depatmantal polis nan epòk la, pa rive l. Lè l konnen kijan majorite polisye nan komisarya Jeremi an te « lock » kafou komisarya; ame jouk nan dan; kagoule; boule kawoutchou pou anpeche direktè Yacinth rantre nan biwo l jiskaske direksyon santral retire l nan tèt direksyon an.

Komisè divizyonè St Armand fè « profil bas » pou polisye yo pa DDN li. Li kite yo fè sa yo pito.
Li konprann trè byen, kòm direktè, depi pa gen « hiérarchie » pa gen enstisyon.
Polisye anba komisarya Jeremi yo pa pran lòd nan men siperyè yo. Se yo k ap fè lalwa.
Yo mize anpil sou zam yo.

Depi yo pa renmen fòm tèt yon otorite yo k deside leve yon bon maten yo di y ap jete l.
Se bagay sa menm ki rive jedi 17 jiyè nan TPI a.
Kote polisye UDMO sabote tanp Temus la; tante retire lavi komisè Gouvènman an.

Kòm chèf pousuit la, Gaetjaens Alexandre, ap mennen yon batay san pitye kont vòlè tè nan jeremi, ò anpil polisye enplike nan zak malonèt sa; ebyen polisye ki nan vòlè tè yo sèmante fòk yo jete KG a nenpòt kijan. Yo di si yo te jete Yacinth kote sa a pou yo pa t k jete la.

Pledware pou yon nouvo lidèchip nan tèt polis la nan Grandans.

Aristote di pa gen site san sitwayen. Sosyete pa ekziste san angajman ak patisipasyon aktif manm yo. Sitwayen yo dwe patisipe nan desizyon k ap pran epi kontribiye nan byennèt kominote a.

Nan sans sa, sitwayen yo dwe pran pozisyon piblik kont polisye ki enplike nan seri zak malonèt nan depatman an tankou: polisye k ap pran lajan nan men chef gang Mikanò chak fwa li rantre nan vil la.
Epi mande enspeksyon jeneral pou l dilijante yon ankèt prese prese sou zak briganday polisye UDMO yo fè nan TPI jeremi an jou ki te jedi 17 jiyè 2024 la.

Sitwayen yo dwe ekzije bò kote direksyon santral polis la yon nouvo lidèchip nan tèt direksyon depatmantal polis la nan Grandans.

Si pa gen mezi administratif ak disiplinè ki pran, konnen lòt semèn nou pral gen plizyè abèl jewòm ak ti boule nan depatman an.

Par : JDNC

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!