*Kiyès k ap vin sove Ariel Henry?* Si n ap swiv lojik, desizyon Wotkou jistis peyi Kenya ki mande pou fè yon kanpe sou deplòtonnay polis yo nan peyi dAyiti a kòrèk. Dayè pou pifò moun premye misyon ekip sa se te garanti pouvwa Ariel la pou yon tan nou

*Kiyès k ap vin sove Ariel Henry?*

Si n ap swiv lojik, desizyon Wotkou jistis peyi Kenya ki mande pou fè yon kanpe sou deplòtonnay polis yo nan peyi dAyiti a kòrèk. Dayè pou pifò moun premye misyon ekip sa se te garanti pouvwa Ariel la pou yon tan nou pa konnen.

Misyon sa se tankou yon chodyè manje ki nan dife sou non pèp, men vrè mèt manje a se pouvwa de facto Ariel la. Paske se sekirite Ariel Henry ak boujwa flibistye yo misyon an t ap vin ranfòse piplis toujou.

Nou tout te tande sa k te nan fèy wout misyon an (asire sekirite tout enfrastrikti estratejik yo, ede gouvènman an fè eleksyon …). Sa vle di sa sa vle di a. E se pa pou granmesi manitou yo, sikè ak jwisè pouvwa ap fè pwopagann pou misyon an. André Michel, Sorel Jacinthe, ak lòt pwofitè yo pa janm rate okenn okazyon pou krache nan figi nou obligasyon pou Ayiti akeyi misyon sa.

Li pat janm kesyon pou wete zam nan men tout bandi(500 mil zam k ap sikile nan peyi a).
Li pat janm kesyon tou pou netwaye polis la, retire move grenn yo.
Li pat janm kesyon pou kore lajistis “pour mettre hors d’état de nuire les bandits à col blanc/les intouchables/les jouisseurs.”

Se pou di nou premye fonksyon misyon sa se kouvri ak dra enpinite pwotektè bandi yo. Sa k defini tèt yo bandi legal anndan pouvwa tankou nan sosyete sivil patatis la ak boujwa flibistye yo.

Se vre bandi tout kalte ap tizonnen, ap toufounen lavi nou. Nan tout kouch sosyal nou viktim tout move aksyon jouk rive nan lanmò nan men sankoutya ak san konsyans sa yo(bandi ak kravat ansanm ak bandi ak sapat tout nan sèvis sistèm nah menm jan ak Ariel Henry).

Men, tout moun ki gen lespri konnen se sou lòd ak sou demann pouvwa Ariel la bandi yo ap travay.

Ki aksyon gouvènman Ariel Henry a janm pran pou kwape bandi tout tip( ak kravat, ak sapat) ki tounen pwazon vyolan, pwa grate, pongongon nan kò nou, nan nan nanm ak nan lespri nou?

Kiyès moun ki kapab konte konbe fwa mouche Ariel Henry, chèf CSPN ansanm ak mouche Frantz Elbé kòmandan an chèf PNH la pale, di yo pase lòd, defini plan pou operasyon espesyal,…Epi?

Kiyès enstans ki kapab di nou depi tweet Madanm La lime nan pou rive 27 janvye 2024 la konbyen lajan ki depanse pou PNH la/bidjè PNH la(tout kowoperasyon melanje)?

Ki rezilta popilasyon an jwenn pou envestisman sa a li fè a?

Konbyen moun k ap alimante bandi yo ak zam, minisyon ki dèyè 4 miray?

Kiyès moun ki kapab di pou pèp Ayisyen an, “de tous les écrits de madame la ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète Milcé, lequel répond-il à un plan capable d’assurer la sécurité effective de la population haïtienne? Sommes-nous dans un monde de fou ou un monde réel?

Pouvwa ak sikè l yo ansanm ak kominote entènasyonal la itilize tout metòd pou fè nou chita tann fòs etranje yo k ap vin delivre n anba men bandi yo, paske soufrans, imilyasyon, kadav yo twòp pou nou.
“Et malheureusement est pris qui croiyait prendre”. Pouvwa Ariel la ansanm ak ipokrit kominote entènasyonal la pran nan pwòp pyèj yo.

tèks sa a ekri pa :
Marcel Poinsard Mondésir
27/01/2024.-

TOUT DWA REZÈVE [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39