Ayiti ou te toujou konnen!* Wi nou te toujou konnen se nou menm sèlman k ap kapab delivre tèt nou anba pat tout tip bandi yo.

*Ayiti ou te toujou konnen!*

Wi nou te toujou konnen se nou menm sèlman k ap kapab delivre tèt nou anba pat tout tip bandi yo.
Nou te toujou konnen se tan yo t ap fè pase pandan n ap kontinye sibi tout atwosite ak kalamite.

Nou te toujou defans nou se nan men nou li ye.
Ni BonDye, ni Zanj, ni Satan nenpòt lòt lespri pa kapab fè anyen nan plas nou.
Sèlman nou tout konnen: “depi nou vle, nou kapab.”
An n ranmase karaktè nou!
An n montre yo nou vle!

Ak desizyon Kou Siprèm peyi Kenya ki di Prezidan/gouvènman pa gen dwa pou l voye polis nan peyi dAyiti maten 26 janvye 2024 la nan ki pwen nou ye la?

Dr newològ la kapab di pou nou ki sa li pral fè pou asire sekirite pèp Ayisyen an?

Desizyon sa pran vennkatrè apre kote minis Afè Etranjè peyi dAyiti Jean Victor Généus deklare devan pi wo enstans politik mondyal la pawòl sa yo:
“Chaque jour qui passe est un jour de trop dans l’enfer des gangs armés”.

Pèp Ayisyen sa nou te toujou di a, vin pi fò, pi nesesè, vin yon obligasyon. Se pèp la ki kapab delivre tèt li. Konsa repons lan se: BWA KALE ak mete yon Jistis ki pa gen okenn Fòs kote pou sanksyone tout bandi li ye.

Litani depi yon moun gen pou rann kont bay la jistis se pèsekisyon politik la dwe fini.

Èske se Leta ki dechèpiye tèt li pou kont li?

Èske se moun Lasalin yo ki touye, boule, vyole tèt yo pou kont yo?

Èske se evapore lajan Petwokaribe y’a evapore san pesonn moun pa pran sant li? Nou sonje istwa gaz panzouyis yo apre le petit français porte/parole des forces d’occupation te di gaz la evapore. Enben sanble se sa k pase ak lajan CIRH, Petwokaribe, Karavann chanjman… pou n site sa yo senpman.

Apre desizyon Wotkoukenya pèp Ayisyen tankou Manno Chalmay chante li: “desten n se nan men n li ye.”
Pa gen okenn Sovè k ap soti okenn kote pou wete n anba pat mechan yo. Dayè sa nou ta pran pou sovè yo se yo menm yo ki mèt bouwo nou yo.

MPM
26/01/2024.-

TOUT DWA REZÈVE [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39