M ap voye mesaj sa bay tout AKTÈ yo ki enplike nan koze Konsèy Prezidansyèl la pou m mande yo poukisa yo kite ekip Ariel Henry a ap woule peyi a nan farin konsa? Èske yo pa wè, yo pa tande, yo pa konprann se woule ekip Ariel la ap woule yo, kidonk pèp la.

M ap voye mesaj sa bay tout AKTÈ
yo ki enplike nan koze Konsèy Prezidansyèl la pou m mande yo poukisa yo kite ekip Ariel Henry a ap woule peyi a nan farin konsa?
Èske yo pa wè, yo pa tande, yo pa konprann se woule ekip Ariel la ap woule yo, kidonk pèp la.

Èske Konsèy prezidansyèl la ansanm ak tout apwi l yo pa wè se yon jwèt tè bandi Ariel yo ap jwe ak peyi a?

N ap mande konsèy prezidansyèl la ansanm ak tout ekip apwi l yo si pou yo bilan destriksyon bandi Ariel Henry yo pa sifi toujou.
Konbe Fanm ak TiFi pou yo vyole toujou?
Konbe lekòl ak tout lòt espas enpòtan yo tankou legliz, bobliyotèk, byen piblik pou yo vandalize, boule ankò pou yo di se twòp atò?

N ap mande pèp Ayisyen Kisa pou bandi Ariel yo ak bandi Viv ansanm yo ki se pwason kraze nan bouyon fè toujou pou n wè nou pa gen souf ankò?

N ap mande Kominote entènasyonal la Èske Ajenda destriksyon Repiblik la yo remet bandi Ariel ak Viv Ansanm yo poko fin aplike. Kisa pou yo detwi andiplis pou yo kapab di OTAN?

Tanpri Tanpri Tanpri popilasyon tout dis(10) depatman yo an n leve kanpe. Se vre bandi yo ap touye nou, yo pa vle nou souke Kò nou. Men si nou kontinye rete ap gade yo bandi Ariel yo fenk kòmanse ap pase nou nan rizib.
Chak jou andiplis bandi Ariel yo fè nan tèt peyi a se Tonb nou y ap fouye pi fon nan vòlò ak touye nou.

Leve kanpe! Leve kanpe! Leve kanpe pou n voye move zè sa yo, alkali twa degout sa yo jete lwen, byen lwen.
Ekri pa :

Marcel Poinsard Mondésir
10/04/2024.-
Mwen pap kite wòch yo pale pou mwen.

TOUT DWA REZÈVE [email protected]
téléphone ☎️ 509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE
NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39